Home > Emergency Management > Hurricane Guide > Hurricane Evacuation Centers (COVID-19), Kreyol

Aktivasyon Sant Evakyasyon yo pandan COVID-19 la

Yon fwa yo louvri yon sant evakyasyon, yo va mande moun ki ap evakye yo swiv direktiv Sant Kontwòl Maladi ak Depat-man Lasante Florid te etabli. Moun ki ap antre nan sant evakyasyon an ka espere yo va fè tès pou tous ak souf kout. Si ou genyen sentòm sa yo, ou ta dwe enfòme pèsonèl sant evakyasyon an lè ou rive. Ansèy yo pral afiche règleman moun ki ap evakye yo dwe swiv.

Moun ki ap evakye yo dwe respekte règleman sant evakyasyon sa yo pandan pandemi COVID-19 la:
screening icon
Yo va fè tès depistaj pou ou anvan ou antre nan sant evakyasyon an epi fè tès depistaj ankò pandan tan ou la a. Si ou gen siy maladi, yo ka mete w nan yon zòn izolman lwen lòt moun ki evakye yo.
stay in place icon
Pase majorite tan ou nan espas yo ba ou. Lè w ap kite espas yo ba ou a, pran distans sosyal lè w rete 6 pye lwen lòt moun.
facial covering icon
Moun ki evakye yo dwe mete yon kouvèti vizaj. Mete yon kouvèti vizaj pa ranplase distans fizik.
wash your hands icon
Lave men ou regilyèman avèk savon ak dlo pou 20 segonn oswa itilize dezenfektan pou men.
social distancing icon
Kenbe distans sosyal 6 pye pandan ou nan zòn komen yo.

2022 HURRICANE READINESS GUIDE

Let us know how we did! Fill out the 2022 Hurricane Readiness Guide Reader Survey.
Fill out the survey
Skip Feed